Categories: À CHAUD

IJANS : yo touye minis dominiken Anviwònman an anndan biwo l

Share

Minis dominiken Anviwònman, Orlando Jorge Mera mouri asasinen jodi lendi 6 jen an anndan biwo l, aprè yon moun te rantre anndan avèk yon zam. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Aprè zak sila, pa mezi prekosyon pèsonèl ministè a te oblije kite zòn nan. Kèk tan aprè anbilans ak lapolis t ap pral parèt pou swit legal yo.  

Mesye Orlando te nonmen nan pòs sila nan mwa dawout lane 2020 swit ak desizyon prezidan peyi a, Luis Corona Abinader. 

Pa bò kote peyi Dayiti, ansyen chanselye ayisyen Claude Joseph pat pran tan pou reyaji ak krim sila. 

« Mwen prezante senpati m bay pèp dominiken an ansanm ak tout gouvènman, epi sitou ak fanmi minis Orlando Jorge Mera yo tiye ak bal anndan biwo li », se reyaksyon Mesye Claude Joseph sou rezo sosyal li yo, pami yo Facebook. 

Li kontinye pou di : « Ensekirite a ekziste tout bon sou zile a. Mwen kontinye kwè de peyi yo dwe travay ansanm pou kwape fenomèn sa ». 

 

Pooshy Rosana

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Leave a Comment
Published by
Tags: République Dominicaine