Categories: ÉDUCATION

Liv Inik, MENFP kontinye ak refòm sistèm edikatif ayisyen an

Share

Nan yon konferans pou laprès òganize jounen madi 7 jen 2022 a, Minis Nesmy Manigat anonse apati pwochen ane akademik 2022-2023 a Leta ap mete disponib Liv Inik pou timoun 1e ak 2e ane fondamantal. Dezisyon sa pran, dapre minis lan, pou konbat lekòl plizyè vitès ki gen nan peyi a ak soulaje paran yo ki p ap gen pou achte pakèt liv pou timoun ankò. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

«Ane lekòl 2022-2023, paran p ap oblije achte yon pakèt liv nan 1e ak 2e ane. Se youn nan mwayen Leta ap konbat lekòl plizyè vitès k ap fòme divès kategori sitwayen, ki pa gen menm chans pou reyisi nan lekòl ak nan lavi. Leta deside konbat eksklizyon ak vilnerabilite ki bay vyolans n ap viv la», deklare minis Manigat. 

Pi lwen minis edikasyon an fè konnen, Liv Inik sa Leta ayisyen prepare a genyen senk matyè ki obligatwa yo : Matematik, Kreyòl, Syans Sosyal, Syans eksperimantal ak Fransè. Yon seri matyè ki an kreyòl, sof fransè, nan lide pou fasilite bon konprann lakay elèv sa yo. 

Yon dokiman k ap rete pwopriyete Leta ayisyen menm apre elèv yo fin itilize l. Dapre pawòl minis lan, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl ap remèt Liv Inik sa yo ak Konsèy lekòl yo ki gen paran ak manb direksyon yo. 

Yon pwosesis ki sipoze kontinye nan ane akademik 2023-2024 ak 3èm epi 4èm ane fondamantal ki ta dwe rantre yo menm tou nan pwogram Liv Inik lan. 

N ap raple Liv Inik lan rantre nan kad 12 mezi Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl te prepare nan lane 2014 pou te kapab ranfòse sistèm edikatif ayisyen e pèmèt gen yon sèl edikasyon pou tout timoun nan nenpòt ki lekòl sou teritwa a. 

Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by
Tags: Education MENFP