Categories: NETALKOLE

Wòl sèso jwe nan avòtman

Share

Nou toujou wè nan manifestasyon pou legalize dwa fanm genyen pou pratike IVG, gen kèk pankat ki gen imaj sèso. Genyen ki ekri “plus jamais” gen lòt ki montre 2,3 gout san nan pwent sèso an. Poukisa imaj sa itilize nan manifestasyon sa yo ? 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Lontan, avòtman te totalman ilegal nan kèk peyi. Sou okenn pretèks yon fanm pat gen dwa retire yon timoun. Apre yo pral vinn mete l légal si te gen vyòl, si gen yon defòmasyon nan fetis la oubyen si gwosès la mete lavi manman an danje. 

Dènye tan sa yo gen kèk peyi ki vle rann yon entèripsyon volontè gwosès ilegal, gen sa ki vle mete l legal avek kèk kondisyon. Nan peyi Etazini, semèn ki sot pase a, lakou siprèm anile Roe Wade, yon lwa ki te bay fanm otorizasyon pou avòte. Li vinn lakoz chak eta Ozetazini ka chwazi legalize l oubyen non. Desizyon sa fè gwo leve kanpe fèt e nan manifestasyon yo, nan pankat yo imaj sèso a prezan. 

Kòm avòtman te ilegal, gen moun ki te konn pratike l an kachèt. Pou sa, yon moun ki konnen, te ka refere fanm ki bezwen avòte a yon kote pou l ale fè sa.  

Moun kap fè l pou fanm nan ki pa toujou yon doktè, te souvan itilize yon sèso pou reyalize entèripsyon volontè gwosès la. 

Pou sa, li entwodwi sèso a nan iteris fanm nan épi rale fetis la. Sa konn lakòz gwo emoraji, enfeksyon, pèforasyon iteris la. Avòtman sa yo konn bay anpil konplikasyon e menm lakoz lanmò fanm nan.  

Sèso a se senbòl avòtman klandesten ak tout danje sa ye pou yon fanm. Li se tou anblèm lit pou legalizasyon avòtman. 

Sam Sarah Devilus

Journaliste / Communicatrice / Bookstagrameuse.

Leave a Comment
Published by
Tags: avortement