Categories: ÉDUCATION

MENFP mande respekte dat 3 oktòb ki fikse pou rantre lekòl la

Share

Nan yon kominike ki pibliye jounen lendi 29 dawout la, Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl mande ak tout aktè ki nan sektè edikatif la pou respekte desizyon ki pran nan nivo ministè an pou fikse rantre lekòl la nan dat 3 oktòb 2022. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Aprè desizyon ki pran nan konsèy gouvènman pou te repòte rantre lekòl la ki te prevwa fèt nan dat 3 septanm 2022 k ap vini la, Ministè a mande ak tout direktè, pwofesè ak paran elèv pou travay ansanm pou nouvo dat 3 oktòb la kapab respekte pou rantre lekòl la. 

Konsyan de dezekilib ki egziste nan sistèm edikatif ayisyen an, ministè an ankouraje ak tout moun ak sektè ki enplike nan kesyon edikasyon nan peyi pou respekte desizyon sa k ap pèmèt tout timoun gen menm chans pou reyisi. Nan sans sa, MENFP reklame yon jefò bò kote konsène yo pou pa louvri lekòl yo avan dat ministè a bay lan. 

Nan nòt sa, Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl mande ak tout direktè depatmantal li yo, avèk sipò enspektè li yo, Meri, Kazèk ak Azèk yo, pou pran tout dispozisyon pou fè respekte konsiy Leta bay pou rantre lekòl la fèt kòmsadwa. 

Yon desizyon ki vini aprè plizyè lekòl te deja ap pare pou akeyi élèv apati 3 septanm ki se premye dat ki te fikse pou rantre lekòl la nan kalandriye Ministè a. Nan kominike sa, MENFP di li konte sou koloborasyon tout aktè nan sektè a pou desizyon sa kapab respekte. 

Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by