NETALKOLE

Lapolis nan Sid peyi a arete 3 nonm ki t ap sikile ak yon kantite marigwana sou yo 

Toussaint Myloyson, Mertil Thelascot ak Michel Boudy Jean, se 3 nonm lapolis mete lapat sou yo nan zòn Aken, 6 septanm lan, pou detansyon ak trafik dwòg. Yo jwenn sou yo 18.927 kilogram pay sèch ki sanble ak marigwana. 

3 trafikan yo ki gen yo chak la 22, 33 ak 43 lane, jwenn arestasyon yo pandan yon operasyon UDMO (Unité départementale de Maintien d’Ordre) nan Sid peyi a t ap mennen nan tèt kole avèk Komisè gouvènman Aken an, Mèt Jean Hervé Janvier. Kriminèl yo t ap sikile abò yon motosiklèt. 

Kantite dwòg sa, aprè UDMO te fin sezi l, li te remèt li bay branch BLTS/DCPJ ki nan depatman Sid la. Yon jij de pè te fè konsta avan sa. 

Pou kounya, Toussaint Myloyson ki gen 22 lane, Mertil Thelascot, 33 lane, ak Michel Boudy Jean, 43 lane, plase nan gadavi pandan y ap tann swit jidisyè ki nesesè nan dosye sila. 

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Articles Similaires

1 de 1 155

Laisser un commentaire