Operasyon debleyaj wout : yon lave men siye atè pou lapolis la 

Pooshy Rosana
Par
Pooshy Rosana
Rédacteur
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.
- Rédacteur
Foto : Shutterstock

Lapolis nasyonal d Ayiti (PNH, nan sig fransè) fè yon lave men siye atè swit ak lansman operasyon “Debleyaj wout” li te lanse pou pwòpte ak debloke lari a pou pèmèt popilasyon an reprann aktivite l. 

Sou rezo sosyal li yo, PNH la te gentan enfòme li pran bon jan dispozisyon pou leve barikad yo nan lari a pou lavi ka reprann nan mitan popilasyon an. 

“Nan moman kriz la, gen moun ki bezwen dlo, manje ak swen sante, Lapolis nan misyon pwoteje ak sèvi li ap fè tout sak depann de li pou kontinye pwoteje vi ak byen popilasyon an.” : Lapolis la sou rezo sosyal li yo atravè Ekip Kowòdinasyon Près ak Relasyon Piblik (CPRP).  

Alòske PNH la fin deklare li redouble jefò l pou l kontinye kanpe bò popilasyon an, nan lide pou retabli lòd toupatou nan peyi a, Ariel Henry vin anvlimen kriz la aprè adrès ak nasyon l te fè ayè dimanch swa. 

- Advertisement -
Ad image

Aprè Ariel Henry te fin deklare se pa pou gaz pèp la pran lari vre, se zafè gang k ap jere, peyi d Ayiti cho kou vè lanp. Plizyè zòn deja bloke, kidonk lapolis la fè yon lave men siye atè, paske pèp la di l pap bay legen, fòk Ariel Henry remèt demisyon l sou pouvwa.  

Stay connected with NetAlKole

Partager cet article
Rédacteur
Suivre
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.