Lapolis nan komin Senmak, depatman Latibonit, mete bra dèyè do 25 endividi pou enplikasyon prezime yo nan plizyè zak dechoukay ki fèt nan biwo leta ak nan biznis prive epi nan plaj pandan jounen mobilizasyon ki tè òganize pou kontrekare desizyon gouvènman aktyèl la.
Nan lide pou fè fas ak tout deriv sa yo, Responsab Jiridiksyon Senmak la, Komisè Prensipal Mathias Jean David, di li pran bon jan mezi ak pèmèt polisye yo deplwaye pou reprann kontwòl sitiyasyon yo rapid pou kontinye pwoteje vi ak byen popilasyon an pandan manifestasyon yo.
Se te okazyon tou pou Komisè Prensipal Mathias Jean David prezante bilan entèvansyon Lapolis fè nan vil Senmak epi divès ensidan ki pwodwi kote gen yon (1) moun ki mouri, yon (1) polisye blese ak plizyè malfra blese. Selon yon rapò li prezante ak laprès.
Komisè Mathias Jean David prezante divès materyèl ki rekipere ak mizanplas kap fèt pou rekipere plizyè lòt materyèl manm nan popilasyon an piye nan biwo leta kou prive yo.
Pou kouwèl ye la a, 25 jenn fanm ak jenn gason plase nan gadavi Komisarya Senmak pou yo reponn kesyon lajistis kòmsadwa.

