Categories: AN KREYÒL ÉDUCATION

MENFP kondane zak kidnapin ki fèt sou plizyè anplwaye ministè a ak Direktè ONAPE a

Share

Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl kondane ak tout fòs li zak kidnapin ki fèt sou plizyè anplwaye ministè a pandan wikenn ki sot pase a, pami yo direktè jeneral ONAPE a, Hervé Boursiquot. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Nan yon nòt piblik ki sòti jounen lendi 26 septanm 2022 a, MENFP denonse epi kondane zak kidnapin ki fèt sou 6 anplwaye ministè a jounen dimanch 25 septanm lan nan kapital la, atak ki fèt sou lekòl yo ak biwo ministè a. 

Daprè Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl, zak sa yo k ap fèt sou lekòl ak lokal ministè a toupatou nan peyi a, ki pran yon lòt dimansyon, kapab gen gwo konsekans sou reouvèti lekòl la ki prevwa fèt lendi 3 oktòb k ap vini la. 

Ministè a, nan nòt sa, mande liberasyon twa anplwaye li yo plis direktè ONAPE a, Hervé Boursiquot, ki toujou nan men ravisè a. MENFP souliye gen twa nan anplwaye ki te kidnape jounen dimanch lan te rive chape pou l yo gras ak vijilans Lapolis. 

«Degradasyon klima sekirite a ak difikilte pou anplwaye ministè a al bay sèvis ka gen gwo konsekans sou tout planifikasyon k ap fèt pou fasilite rantre lekòl la kòmsadwa nan dat 3 oktòb», sa nou kapab li nan nòt sa ki pibliye sou kont ministè a. 

Fas ak sitiyasyon sa, MENFP renouvle apèl li bay popilasyon an, kominote edikatif la, pou yo pwoteje lekòl yo ki se espas travay anseyan yo ak timoun yo pou yo prepare avni yo. Daprè ministè a, se responsabilite chak moun pou pwoteje lekòl yo ak biwo ministè a k ap ede fè travay sa a nan enterè tout moun nan sosyete a. 

Ministè edikasyon nasyonal raple, pandan dènye mouvman pwotestasyon yo, anviwon 30 lekòl te sibi atak e pèdi anpil materyèl tankou odinatè, liv, founiti eskolè, ban, achiv ak lòt ki te la pou sèvi timoun yo ak bay manje nan lekòl yo. San konte depo manje pou kantin eskolè yo te piye. 

 

Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by