Categories: AN KREYÒL

Konbyen galon gaz la vann ?

Share

Siw tande pri yon galon gazolin vann atè nan lari a, ou ta kapab mande tèt ou, si se pwovizyon ou vin fè pou w met manje lakay ou. Gwo ajisteman ki fèt sou ” gaz atè” a, kreye gwo chire pit ant machann yo ak chofè yo, nan vil Pòtoprens ak kèk pwovens peyi a. Si nan kapital ayisyen an, galon an vann a plis pase 3 mil goud, kèk kote nan Sid peyi a, pou w retire yon galon gazolin, fòk ou gen 5 mil goud, daprè temwayaj kèk chofè nan lari a. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Rate gaz la kòmanse fè pawòl anpil nan lari a, depi aprè adrès Premye Minis Ariel Henry ak nasyon an,  pri galon gazolin nan ap sibi yon ogmantasyon ekzajere. Yon fenomèn ki deja kreye yon dezakò ant chofè yo ak pasajè yo. 

“Pri gaz la diferan nan chak zòn, tankou zòn Dèlmas yo. Gaz la vin pi difisil  pou jwenn. Ou bezwen 3 mil jiska 5 mil goud pou w retire yon galon gazolin pou w fonksyon,” te esplike yon sitwayen. 

Daprè plizyè lòt konfrè journalis ki frekante zòn sid peyi a souvan, ou bezwen omwen 5 mil goud pou w achte yon ti galon gazolin. 

Alòske, nan lòt depatman yo, pri a varye ant 2,500 jiska 3,000 goud, toujou selon enfòmasyon nou jwenn. Gen anpil nan machann yo ki pran plezi melanje gaz gazolin nan ak bwason oubyen ak lòt gaz nan sousi pou fè 100% sou li, chofè yo plenyen pratik sa a anpil. 

Yon pratik ki vin pi popilè depi aprè gwo lavi chè a sou tout tèritwa nasyonal la, melanje gaz ak kèlkeswa bagay li ye a genyen gwo konsekans li, sitou sou veyikil yo, sa ki ka menm koze gwo aksidan. 

Witson Beaujour

Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.

Leave a Comment
Published by