Plizyè mò resanse nan prizon sivil Tigwav 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
plizyè mò resanse nan prizon sivil tigwav

Jiskaprezan gen anpil kesyon k ap poze sou kondisyon detansyon prizonye yo anndan sant kaseral yo nan peyi d Ayiti. Genyen 3 nouvo prizonye ki mouri nan prizon sivil Tigwav la 27 septanm 2022 a, men pa gen okenn detay ki bay sou kòz lanmò yo. 

Plizyè imaj k ap sikile sou rezo sosyal yo montre kadav omwen 3 nonm ki kouche atè yon kote ki bay aparans anndan yon prizon. Kò yo rete po ak zo sèlman tèlman yo mèg. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Youn nan moun ki te bay alèt sou sitiyasyon an, Mèt Armel Rémy ki se pòtpawòl CADDHO (Collectif des avocats pour la défense des droits de l’homme), te rapòte se lakòz mank laswenyaj, dlo ak manje ki fè 3 prizonye sila yo mouri nan eta sila. 

Li avanse pi douvan pou di genyen 5 lòt detni nan prizon sivil Tigwav la ki ant lavi ak lanmò, epi denonse kondisyon detansyon prizonye yo nan majorite sant detansyon ki gen sou teritwa. 

N ap raple nan mwa jen pase, plis pase yon ventèn prizonye te mouri nan plizyè prizon nan Pòtoprens (Penitansye nasyonal), Okay avèk Jakmel, akòz pwoblèm chalè, mank dlo ak manje. Se bon jan sitwayen ki te mete tèt ansanm pou al bay yo manje.  

Gouvènman Ariel Henry te sòti nan silans li mwa dawout pase a pou pran angajman pou fè yon koudèy sou sistèm kaseral ayisyen an epi pwomèt li t ap akonpanye prizonye yo ak lite kont detansyon prevantiv pwolonje a, jiska jounen jodi a anyen pa janm fèt. 

Depi dènye jounen mobilizasyon yo nan lari Pòtoprens ak nan plizyè vil pwovens, moun ki anndan prizon yo soufri pi plis akòz sikilasyon woutyè a paka fèt kòrèkteman. Sa lakòz yo pa jwenn aksè ak manje, dlo epi pwodwi ijyenik pou pran swen kò yo. Sa pat janm bon avan, men avèk kriz la kondisyon detansyon yo vin pi mal. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.