NETALKOLE

Site-Solèy : Panik devan Tèminal Varreux, G9 ak lapolis ap twoke kòn yo 

Ayè jedi 29 septanm 2022 a, divès zòn ki chita nan rantre nò Pòtoprens lan te bloke, aktivite yo te sanse paralize. Daprè premye eleman enfòmasyon ki te rive jwenn nou, lapolis ak gwoup gang ki pote non G9 la, ki gen nan tèt li « Baebecue », tap twoke kòn yo, plizyè kout bal tap chante mikalaw nan kèk kwen nan rantre nò a, sitou nan komin Site Solèy, pou anpeche bandi G9 yo pran  kontwòl Tèminal Varreux a jan yo te anonse l la. 

Selon plizyè sous lokal, se depi nan kòmansman aprèmidi 29 septanm lan kout bal te kòmanse chante, anpil kote tankou; Estasyon Gonayiv, Dèlma, Kafou Aywopò, Site Solèy, pou n site sa yo sèlman, sitiyasyon an te dejenre, pasaj ak aktivite komès yo te paralize totalman. 

« Se mesye G9 yo kap eseye bloke tantativ pou lapolis pran kontwòl tèminal Varreux a, plizyè bakòp polis tap eseye rantre andedan an pou kontrekare entansyon bandi san fwa ni lwa sa yo, ekip Barbecue a ouvri kout bal sou polisye yo. »  Te deklare youn nan sous nou yo.  

Jiska jodi vandredi 30 septanm lan, zòn nan toujou sispèk, pandan lekòl yo pa rete 3 jou pou yo louvri pòt yo, a nenpòt moman an kapab gen yon deblozay. Gwoup bandi G9 la ki gen nan tèt li ansyen polisye a Jimmy Chérizier, alyas « Barbecue » gen gwo pwojè pou atake tèminal la, entansyon yo pa piti, si Leta pa degaje l kou mèt Jan Jak pou soutni PNH la epi mete materyèl disponib pou yo konbat malfwa sa yo, se abitan yo nan komin Site Solèy la ki pral peye kòd kase a. 

Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.

Articles Similaires

1 of 1 214

Laisser un commentaire