Categories: AN KREYÒL

Magalie Habitant di se Manm PHTK ki te voye asasinel

Share

Ayè jedi 29 septanm 2022 a,  yon gwoup manifestan nan Petyonvil te sakaje Magalie Habitant, pandan yon manifestasyon kont gouvènman Ariel Henry ak lavi chè epi ogmantasyon pri gaz nan ponp yo.  Nan aswè aprè atak sila, Magalie Habitant  te  pale nan radyo Méga, li  fè konnen li wè men PTHK nan atak sa li te sibi a. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Ansyen Direktris SNGRS la te bay yon entèvyou nan Radyo Méga nan Emisyon Boukante Lapawòl, aprè agresyon fizik kèk manifestan nan komin Petyonvil te fè sou li, pandan entèvyou a Magalie Habitant fè konnen li pa pran kout kouto, ki di tou sa ki rive a se senpleman yon tantativ asasina manm PHTK yo te planifye espre yon fason pou yo te elimine l.   

 Magalie Habitant eksplike PHTK fache sou li paske li gen yon relasyon ak Arnel Bélizaire. Epi li fè konnen Manm pati PHTK yo  akize l tou paske lap sipòte Jean Charles Moïse nan batay politik li. Li fè konnen tou Gouvènman an pa inosan nan sak pase a. 

Yon lòt bò, Magalie Habitant di aktyèlman li blese bò bouda li lè li te tonbe pandan l t ap kouri pou foul la e li te resevwa yon kout wòch nan pye l. Militant lan di tou  lap mennen yon batay kont gouvènman Ariel Henry a, e lap mande demisyon Premye minis lan, mete sou sa li fè konnen  li pral depoze yon plent kont atakè sa yo, jodi vandredi 30 septanm 2022 a, tout pandan li demandi enfòmasyon ki fè kwè li entène lopital paske li blese anpil la. 

Nap raple, Manifestan yo  ki te atake Magalie Habitant te fè konnen yo pa tolere prezans li sou beton an paske li te kolabore, yo di,  ak rejim PHTK, epi yo akizel tou dapre sa yo tap di, li gaspiye 4.5 milya dola Fon Petwo Karibe ki  se youn nan bagay ki lakòz peyi a nan sal ye jounen jodia. 

Mackendy Filderice

Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.

Leave a Comment
Published by