Categories: AN KREYÒL

Saut-D’eau : Endividi ak zam kagoule simaye dèy nan yon fanmi, plizyè moun blese

Share

Plizyè endividi ak gwo zam fann fwa nan men yo sasinen ak kout bal, Moname Duvelsaint, andedan lakay li byen ta nan aswè jedi 29 pou louvri 30 septanm 2022 a, nan vil Saut-D’eau, nan depatman Sant peyi a, yo te plizyè ki te rantre lakay viktim nan, selon enfòmasyon ki disponib sou paj jounal Le Facteur, Moname mouri akòz li te nan konfyolo ak plizyè evade prizon sivil fanm nan vil Cabaret, li ta menm ba yo desant lakay li pou rezon santimantal. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Mesye yo sasinen Momane ak plizyè kout bal nan lè 1nè nan maten yo, alòske tout moun nan kay la te nan pwofon somèy yo. 

Selon sa fanmi an rapòte jounal ki site a, endividi yo akize Moname Duvelsaint kòm moun ki ta nan zanmitay ak plizyè nan medam ki te sove nan prizon sivil Cabaret a. Li ta menm mete yo dòmi lakay li pou rezon anmoure anmourèz. 

Toujou selon enfòmasyok yo, ensidan sa a lakòz plizyè moun ki rete nan kay la te blese gravman grav anba bal endividi sa yo, pami yo, yon fanm. 

Nap raple,  anviwon 145 prizonye sou 230 te sove jedi 22 septanm pase a nan prizon sivil Cabaret a, yon evade fanm te mouri nan gwo deblozay sa a ki te deklannche nan lokal prizon an. 

Witson Beaujour

Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.

Leave a Comment
Published by