Categories: AN KREYÒL SANTÉ

OPS/OMS ofri materyèl ak Medsen san fwontyè pou yon Sant tretman kolera nan Site Solèy

Share

Òganizasyon panamerikèn sante ansanm ak OMS anonse jounen lendi 3 oktòb 2022 a yo ofri ak Medsen san fwontyè materyèl pou mete sou pye yon sant tretman kolera nan Site Solèy ki se youn nan fwaye otorite sanitè yo di yo detekte ka sispèk maladi sa. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Nan yon kominike ki pibliye premye oktòb, ministè a ta pral anonse li detekte yon ka konfime kolera nan Savann Pistach/ Dekayèt ak plizyè ka sispèk nan Site Solèy. Yon jou aprè, nan yon konferans nan rezidans premye minis lan, direktè jeneral MSPP a fè konnen yo detekte 8 ka kolera. 

Sou Twitter, OPS/OMS fè konnen yo bay plis pase 2 tòn entran avèk materyèl medikal ak Medsen san fwontyè nan Site Solèy k ap pèmèt yo mete sou pye yon sant tretman kolera avèk kapasite pou resevwa 50 pasyan. 

Premye ka kolera nan peyi a te detekte nan mwa oktòb 2010 nan depatman Sant, avan l ta pral pataje sou tout teritwa nasyonal la. Yon epidemi ki te lakoz anviwon 10 000 moun pèdi lavi yo, ak 820 300 lòt ki te afekte ak dyare epi vomisman, daprè rapò UNICEF.

Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by