Wana pa ka mache Tony Mix deside rele Leta… Alo Leta 

Revital Lynch
ParRevital Lynch
wana pa ka mache tony mix deside rele leta… alo leta 

Tony Mix, atis chawa pete a deside fè yon ti pale ak Leta nan dènye mizik li ki rele Alo Leta, li fenk pibliye jounen ki te premye oktòb 2022 a. 

Sou yon bit rabòday, Tony Mix deside pale de pwoblèm lafen kap fini ak pèp Ayisyen, pwoblèm dlo, pwoblèm gaz elatriye. Li pa sispann mete aksan sou inosan k ap mouri chak jou e denonse chèf yo nan Leta k ap fè fo pwomès, bay pèp la manti. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Li fè otorite yo konnen pèp la anvi viv, pou yo tande vwa moun nan geto yo, li lonje dwèt tou sou sitiyasyon jenès la k ap kouri al mawon nan peyi vwazen kote yo pa pi alèz ke sa vre. Li pa manke pa denonse tou sitiyasyon sila yo ki lòt bò dlo k ap mouri ak chagren ak nostalji paske yo pa ka rantre vini nan peyi yo. 

Yon lòt bò atis la ki te konn ap fè Wana mache, konprann lekòl gen enpòtans li koulye a, li denonse sitiyasyon timoun ki pa ka al lekòl yo, li pa sispann di mesye “nou mechan”. Tony Mix pale tou sou pri manje ki pa sispann monte bwa. An palan de bwa, mès ap toujou rete mès paske atis la te menm pale sou pri Leo Messi, yon bagay ti jèn gason yo sèvi ak li pou dechalbore ti bout anba medam yo. 

Konsa, Alo Leta, dènye travay Tony lan pale anpil koze sou reyalite peyi a, sou menm baz reyalite sa, n ap mande si atis la pa ta fè yon kout je sou li menm tou ak enpak li nan sosyete a, paske lè tout sa yo fin rezoud pou ki jenès, pou ki gwoup moun chanjman an ap bon, sitou se pa pou moun ki pral mete bouda plis an valè ke tèt yo, deja se pwoblèm moun san tèt ki ta sanble mete Ayiti kote l ye la. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Ray est un jeune web entrepreneur et journaliste évoluant dans le monde du multimédia. Il est un passionné de la technologie et de ses sciences connexes.