Categories: AN KREYÒL

Ouragan Ian : yon nouvo bilan revele 62 moun mouri

Share

Siklòn Ian ap frape peyi Lèzetazini, pi patikilyèman Eta Florid depi mèkredi 28 septanm pase.  Yon nouvo rapò ofisyèl rapòte genyen 62 moun ki mouri suit ak pasaj katastwòf natirèl la.  

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Otorite lokal yo te di dimanch dènye kantite moun ki mouri nan siklòn Ian, ki te frape sidès Etazini, sitou Florid semèn pase a, te monte pou pi piti ak 62 moun ki mouri. 

Aprè lanmò 58 moun pandan pasaj katastwòf sila daprè Komisyon medsen lejis yo ki nan Florid, gouvènè Kawolin di Nò a t ap pral deklare samdi a li resanse 4 moun ki mouri. Sa ki pote chif total yo ak 62. 

N ap raple, dènye bilan an nan Florid te monte a 44 moun ki mouri.  Ian, youn nan tanpèt yo te prevwa k ap pi mòtèl k ap frape Etazini, detwi tou liy elektrik ak pon yo, san konte li kraze anpil kay ak machin tou. 

Pooshy Rosana

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Leave a Comment
Published by
Tags: Floride