Categories: DIPLOMATIE

Pou Lèzetazini Repiblik dominikèn se peyi lidè demokrasi nan rejyon an

Share

Nan kòmansman semèn nan, Lèzetazini rekonèt wòl “Lidè” Repiblik dominikèn jwe nan rejyon karayib la ak Amerik yo nan zafè demokrasi ak dwa moun, kòm yon peyi ki manb Alyans pou devlopman demokrasi a, daprè pòtpawòl misyon pèmanan ameriken nan Nasyonzini, Nate Evans. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Plizyè diplomat ameriken fè lwanj pou Repiblik dominikèn devan Konsèy sekirite Nasyonzini yo. Daprè yon deklarasyon delegasyon an fè, Linda Thomas-Greenfield, ki se anbasadris Lèzetazini pa bò kote ONU, souliyen Lèzetazini pran angajman pou travay avèk Repiblik dominikèn epi pou leve defi sekirite yo genyen ki sanble yo ansanm, gras ak Nasyonzini. 

Madam Thomas-Greenfield te rankontre 17 Oktòb la minis dominiken Afè etranjè a Roberto Álvarez, tou 2 te pale sou sitiyasyon sekiritè peyi a ak kriz imanitè a k ap deteryore la a. Yo deklare fòk gen yon aksyon ki fèt san pran tan pou sa pa vin pi mal. 

Tou 2 diplomat yo te patisipe nan sesyon espesyal Konsèy sekirite Nasyonzini an kote kesyon Ayiti a te sou tab diskisyon yo. Reprezantan Lèzetazini nan Nasyonzini an, Linda Thomas-greenfield te tou pwofite fè konnen li ekri, ak sipò peyi Meksik, 2 rezolisyon pou reponn ak kriz ki genyen nan peyi ki pi pòv nan Amerik la, kidonk Ayiti. 

Yon rezolisyon k ap chèche kreye sanksyon kont moun ki menase enpoze jèl byen yo, entèdiksyon vwayaj ak anbago zam sou nenpòt moun ki menase lapè, sekirite oswa estabilite an Ayiti. Epi yon lòt kote soutni deplwaman yon fòs entènasyonal nan peyi d Ayiti. Rezolisyon sila yo pa jwenn apwobasyon kèk peyi tankou Lachin ak Larisi, jiskaprezan Nasyonzini ap etidye yo. 

Pooshy Rosana

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Leave a Comment
Published by