5 Septanm ak 3 Oktòb pase a, se de dat Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) te bay pandan de fwa pou lekòl yo te louvri pòt yo nan peyi d Ayiti alòske jiskaprezan pyès timoun poko janm ka ale pran bon jan pen lenstriksyon.
Depi 3 Oktòb pase, avèk echèk ouvèti klas yo pou yon dezyèm fwa, Leta ayisyen pa janm pwononse l ankò sou tip dispozitif li pral mete kanpe pou wè si timoun yo ta kapab retounen nan klas yo epi pou yo pa pèdi nouvèl ane eskolè a.
Wi, ane akademik 2022-2023 woule nan farin byen woule akòz enkapasite pouvwa anplas la pou jere kriz li menm li mete nan lari a. Depi lè Premye minis Ariel Henry te pran desizyon pou monte pri gaz la nan ponp yo epi retire sibvansyon an, pèp la bloke peyi a epi mande l pou l retounen sou desizyon tèt chat sa. Chèf gouvènman fè kòmsi l pa wè ak tande, li pa fè anyen, depi lè sa peyi a tonbe nan yon kawo san parèy, anyen pap byen mache.
Timoun yo pati pou yon twazyèm semèn san lekòl nan mwa Oktòb la, yo chita lakay yo yo paka pran lari. Deja yo te gentan fè yon mwa chita aprè ministè a te oblije repòte dat inisyal ouvèti klas yo ki se 5 Septanm pase ou 3 Oktòb akòz paran yo pat gentan pare pou sa.
Atmosfè sosyopolitik la pa pèmèt pyès paran fè preparasyon pou voye pitit yo lekòl, mete sou sa pa gen sekirite nan peyi a, pa gen gaz, kous machin ak moto byen chè.
Plizyè semèn aprè inisyativ pou louvri lekòl yo « ti pa ti pa » a, pyès pòt lekòl pako janm ka louvri akòz sitiyasyon an pa pèmèt sa. Moun k ap manifeste pou bon jan kondisyon vi deklare yo pap voye pitit ak fanmi yo lekòl jan peyi d Ayiti ap mache la. Yo bloke lari ak anpeche rantre klas yo fèt, minis Nesmy Manigat jiskaprezan poko janm ka lanse inisyativ « lekòl ti pa ti pa a» nan 4 rakwen peyi a.
Facebook Comments