Non, fanmi Mikaben pa gen okenn kont Gofundme ki ouvri pou antèman atis la 

Sam Sarah Devilus
ParSam Sarah Devilus- Rédactrice
non, fanmi mikaben pa gen okenn kont gofundme ki ouvri pou antèman atis la 

Nan yon nòt fanmi Michael Benjamin sòti aprèmidi 18 oktòb la, li remèsye chak grenn moun pou sipò yo pote pou yo nan moman difisil sa yap konnen an, akòz lanmò sibit atis la ki te yon pitit, yon frè, yon neve, yon kouzen yon papa, yon mari. Li pwofite tou pou fè konnen, pa gen okenn kolèt fon kap fèt pou antèman Mikaben. 

Daprè nòt sila madanm defen an pibliye, ta gen moun mal entansyone ki ta ouvri yon kont GofundMe sou non atis la pou fè konnen yap kolekte lajan pou antèman Mikaben. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Fanmi Benjamin ta renmen remesye chak grenn nan nou pou lanmou ak sipò ke li jwenn nan sikonstans vwayaj pou peyi san chapo Mikaben nou an(…) Mefye nou de kelkeswa kont GoFundMe nou ta wè deyò a ki ta fèt sou non Mikaben. Nou pa kreye okenn kont , ni bay okenn otorizasyon pou yo fèt . Tout sa ki gen rapò ak kominike, planifikasyon antèman ak mwayen moun ka pote sipò yo bay fanmi an, ap poste sou paj medya sosyal pèsonel Mikaben ak Vanessa Fanfan. »  

Fanmi atis la fè konnen li rekonesan pou konpreyansyon chak grenn moun temwanye nou pandan yap kite fanmi an fè dèy li an prive. Pou moun ki ap mande kijan yo kapab bay sipò yo, fanmi Mika fè konnen nan pa lontan ap gen yon anons ki fèt pou yo konnen kijan yo ka fè sa. 

Fanmi an remèsye chak moun ki temwanye senpati yo ak li e tou, pou ti mo ankourajman yo ki pèmèt yo viv moman tristès sa pi byen. 

« N ap gen poun fè yon anons sou kijan moun kapab bay èd ak sipò pa yo. Men annatandan, n ap mande nou pou n pran yon ti pasyans paske fanmi an ap jere estrès ki vin ak lanmò sa. N’ap di chak grenn nan nou mèsi pou tout ti mo ankourajman ak tout istwa oswa videyo pèsonèl ke nou pataje sou rezo yo, ki pèmèt nou pi byen viv moman tristès sa. » 

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article
Sam Sarah Devilus
Par Sam Sarah Devilus Rédactrice
Follow:
Journaliste / Communicatrice / Bookstagrameuse.