Categories: ACTUALITÉS

Nan Tyòt, manifestan yo soude pòt plizyè bwat Leta

Share

Nan kad mobilizasyon ki genyen kont pouvwa anplas la, ki gen nan tèt li Ariel Henry, plizyè moun nan Tyòt te pran lari pou kadnase ak soude mezi pòt enstitisyon Leta ki gen nan komin lan. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Ayè lendi 24 Oktòb la, moun ki t ap manifeste kont ensekirite ak lavi chè nan zòn Tyòt te mache ak tout jeneratris yo (delco) epi soude pòt tout biwo leta, konplèks administratif ki loje biwo Leta nan komin nan tankou meri, tribinal de pè, Direksyon jeneral enpo (DGI, nan sig fransè), elatriye. 

Sou wout yo pwotestastè yo soude pòt plizyè lekòl nasyonal ak lise, se sa nou aprann de Thiotte Infos, ki nan komin sila. “Manifestan yo deklare enstitisyon sila yo pa p fonksyone depi kèk tan, epi yo pa itil kominote yo a anyen”, li rapòte.  

N ap raple tout pwovens yo prèske dekonekte ak kapital la Pòtoprens depi aprè kòmansman mobilizasyon “Bwa kale” a kont rejim Tèt kale a depi septanm pase, aprè Premye minis defakto Ariel Henry te pran desizyon monte pri gaz la nan ponp yo epi pa sibvansyone l ankò. Mete sou sa bandi pran kontwòl peyi a. Anyen pa p fonksyone prèske, lavi a vin pi chè, malgre sa chèf gouvènman rete bèkèkè. 

Pooshy Rosana

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Leave a Comment
Published by