Categories: AN KREYÒL IMMIGRATION

Yon gwoup senatè ameriken plede pou plis ayisyen benefisye TPS

Share

Yon gwoup senatè demokrat mande administrasyon Biden nan pou elaji imedyatman pwogram pwoteksyon imigrasyon an pou ayisyen ki Etazini yo, pandan twoub sosyopolitik ak vyolans gang yo kontinye ap fè raj an Ayiti, daprè jounal ameriken Miami Herald. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Gwoup sa ki gen nan tèt li senatè Edward J. Markey, k ap syeje nan komite senatoryal relasyon etranje, mande pou estati pwoteksyon pou ti bout tan an (TPS) kapab revize pou Ayiti. Revizyon 18 mwa ki te fèt pou Ayiti na lane 2021 an ap ekspire nan mwa fevriye 2023. 

Ayisyen ki sou teritwa ameriken an ki te benefisye pwogram TPS nan peryòd 29 jiyè 2021 yo te gen otorizasyon benefisye èd imanitè lè administrasyon Biden nan te elaji kondisyon pou benefisye pwogram sa aprè asasina prezidan Jovenel Moïse 7 jiyè 2021. 

Avèk pwogram sa, ayisyen ki sou teritwa ameriken an ki pa rezidan, otorize viv epi travay pandan yon peryòd byen detèmine san risk pou imigrasyon depòte yo. 

Lide pou revize pwogram pwoteksyon tanporè pou migran yo anfavè ayisyen k ap viv sou teritwa ameriken an jwenn soutyen plis pase yon dizèn senatè demokrat, pami yo senatè Vermont la, Patrick Leahy ki se pi ansyen senatè pati a. 

Gwoup palmantè sa yo plede pou administrasyon Biden nan elaji pwogram TPS la anfavè ayisyen ki Etazini yo yon fason pou sila yo ki te kouri kite peyi a aprè tranbleman tè 14 dawout 2021 an k ap jwenn menm avantaj sa. 

Depi rive prezidan Joe Biden sou pouvwa a nan peyi Etazini, administrasyon an deja depòte plis pase 26 000 ayisyen. Yon dezisyon ki lakoz anpil kritik sitou fas ak degradasyon sitiyasyon sekirite ak sosyopolitik yo Ayiti ki lakoz ayisyen ap kouri kite peyi a pa pil ak pa pakèt. 

Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by
Tags: Edward J. Markey