Categories: SEXUALITÉ

No nut november, yon defi kote mesye yo pa dwe ejakile pandan tout mwa novanm nan

Share

Mwa novanm se mwa nou fete gede an Ayiti, Alowin nan lòt peyi yo. Men mwa sila tou se mwa yon tchalenj tèt chaje yo rele no nut november. Se yon defi mesye yo bay tèt yo pou yo pa janm ejakile pandan tout mwa novanm nan. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Lespri kreyatif lèzòm pa janm sispann travay pou pote aktivite ak plezi ni pou kò a ni pou nanm nan, menm si youn sanble pi fou pase lòt. Nan lane 2010, yon gwoup gason nan peyi Etazini ki itilize rezo sosyal ki rele Reddit la, mete sou pye yon defi kote tout gason ki deside patisipe ladan, ap gen pou evite pa tout mwayen posib, ejakile pandan tout mwa novanm lan. Men se nan lane 2017 defi sa ki rele No nut november an, pral vinn popilè tout bon. 

Pandan mwa novanm nan, gason ki dakò patisipe nan tchalenj sa pa gen dwa mastibe, gade pòno, fè bagay oubyen tout lot aktivite ki ka fè yo voye. Yo ka toujou bande, men yo pa dwe voye sou okenn pretèks. Òganizatè yo dakò pou patisipan yo fè yon sèl rèv erotik, men depi w pati sou 2, ou elimine. Kidonk pou w genyen tchalenj sa, fòk ou fè yon abstinans total kapital pandan tout mwa. 

Gen moun ki kritike tchalenj sa paske dapre yo, li ta dwe fèt nan lide pou sansibilize sou maladi nan aparey jenital ak aparey irinè kay gason, gen lòt ki two kontan defi sa paske daprè yo se non selman yon mwayen pou teste kapisite yo genyen pou repouse pònografi, pou yo mwens akwo ak sèks men tou li pèmet yo viv abstinans. Yo fè konnen tou, sante fizik ak moral yo vinn pi djanm aprè tchalenj sa, ki se pou yo yon demonstrasyon volonte ak fòs lespri. 

Nan jounal 20 minit, Iwològ ak responsab konsey syantifif asosyasyon fransè iroloji fè konnen, pa gen okenn etid ki ta révele abstinans pa bon. Okontrè li gen anpil benefis sou kò w ak mantal ou, pandan li eksplike tou, kenbe oubyen ralanti yon ejakilasyon se yon estimilan.  

Gen anpil nan nou ki patap janm al fè yon tchalenj konsa, men li se yon bon mwayen tou pou w dekouvri lòt aspè womantik non seksyèl ki genyen nan yon relasyon anmorèz. 

Sam Sarah Devilus

Journaliste / Communicatrice / Bookstagrameuse.

Leave a Comment
Published by