Categories: INSECURITE

Bandi Kanaran yo mete dife nan youn nan cha PNH la te achte nan peyi Kanada mwa pase a

Share

Bandi ak zam k ap opere nan katye Kanaran mete dife nan yon machin blende lapolis maten Samdi 12 novanm lan sou wout National #1 an.  Polisye yo ki te nan veyikil la te toutswit sove kite cha a nan moman bandi yo t ap eseye pwovoke yo, daprè yon sous polisyè. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Bandi san ginen sa yo te mete dife nan machin blende a pandan menm machin nan te tonbe nan yon twou. 

Daprè premye eleman enfòmasyon yo, Ofisye polis yo ki te andedan machin nan te gentan kite zòn nan. “Pa gen okenn viktim ki te anrejistre nan klan polis la”, te presize yon kad nan enstitisyon an. Nan videyo k ap sikile sou tout rezo sosyal yo, nou te ka remake materyèl lagè PNH la a bandi yo mete dife a abandone nan katye a. 

Li ta dwe enpòtan pou nou raple w,  gang yo ki nan katye Kanaran an pa sispann kontinye fè pase lòd yo sou wout National # 1 an. Yo touye, vyole epi detounen kamyon machandiz k ap fonksyone sou gran wout sa a. 

Witson Beaujour

Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.

Leave a Comment
Published by