Categories: AN KREYÒL JUSTICE

ANAMAH ak APM pa opoze ak nominasyon Jij Jean Joseph Lebrun kòm Prezidan Lakou Kasasyon

Share

Asosyasyon Nasyonal Majistra Ayisyen yo (ANAMAH), nan yon nòt pou laprès, fè konnen li pran nòt sou nominasyon majistra Jean Joseph Lebrun nan prezidans Lakou Kasasyon an.  Daprè  Asosyasyon an  Jij Lebrun, ki te fè yon karyè nan sistèm jidisyè a jiska jounen jodia pa nan okenn sak pa sa. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Sepandan, Asosyasyon Nasyonal Majistra Ayisyen yo (ANAMAH) te fè konnen  desizyon Konsèy minis lan pa  konfòm ak konstitisyon an men Asosyasyon an deklare  li pa gen entansyon opoze ak desizyon sila akoz sitiyasyon difisil sèvis jistis piblik la ap fè fas jounen Jodia. 

Nan sans sa, Jij Jean Wilner MORIN, prezidan ANAMAH, di li rete atache ak konviksyon li genyen an rapò ak respè konstitisyon an ak lwa Repiblik la nan domèn nominasyon jij yo.  Sepandan, nan gade nan anpil ka ki deja annatant nan Tribinal yo asosyasyon aksepte desizyon an menmsi li pa konfòm ak manman lwa peyi a. 

Yon lòt bò, Asosyasyon Pwofesyonèl Jij yo (APM) fè konnen bò kote pal, li bat bravo pou nominasyon Jij Jean Joseph Lebrun kòm Prezidan Lakou Kasasyon. Pou APM nominasyon sa a se yon etap enpòtan  ki ap pèmèt entitisyon an fonksyone jan sa dwe fèt, sa ki ap mete fen nan malfonksyònman CSPJ a. 

Mackendy Filderice

Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.

Leave a Comment
Published by