Yon ansyen militè ameriken dorijin ayisyèn fè konnen « veyikil blende yo Ayiti achte nan men Kanada a pa fèt pou mennen operasyon, ni pou kanpe goumen ak bandi ».
Rodenay Joseph, yon Ayisyen ameriken ki te nan lame amerikèn, deklare nan emisyon “3yèm Mitan” sou Lavwadlamerik: « Lapolis nasyonal la nan peyi d Ayiti ap mal itilize aparèy sila yo paske ofisye yo pa dwe sèvi ak yo pou al mennen operasyon. »
Daprè espesyalis an sekirite a, tip veyikil blende sa yo la sèlman pou al pote ranfò ak yon apèl detrès, pou pote sekou bay yon moun ki an difikilte. Depi misyon an fini se kouri ale.
« Jan nou itilize blende yo, yo pa fèt pou sa. Blende sa yo pa fèt pou kanpe ap pran « bullet » (bal). Yo fèt pou yo kanpe pou yo kapab pote sipò, ale fè yon « rescue » (operasyon sovtaj), pran yon moun, evakye yon moun nan yon zòn dife epi pase ale. »
Pou li menm, « blende yo bon, men pwoblèm nan se paske Ayiti pat nan kontra pou tip veyikil sa yo. Otorite yo annik pase kòmand epi siyen pou machin blende men yo pa konnen ki detay ki pou vin avèk yo.
Mesye Rodenay Joseph ale pi lwen nan deklarasyon l pou l di pi gwo pwoblèm veyikil sila yo pral genyen Ayiti se nan zafè mentnans. Yo tout pral koule lwil. Se yon bagay ki nòmal pou tout machin militè ak tout gwo machin ki peze plis pwa yo.
Espesyalis la deklare garaj ayisyen pa p ka fè sèvis nan yo, depi y al nan louvri motè yo y ap chofe. Pa kont nenpòt sòlda ki fè 1 an minimòm nan militè kòm yon « 91 Bravo » ka ranje yo alèz.
« Depi w al bay yon lòt mekanisyen Ayiti ouvè l, depi w deja ouvè l ou pa p janm ka ranje machin sa ankò. Li pral kòmanse chofe nan men w, dayè tout machin militè chofe, tout machin militè toujou gen « high resolution » (rezolisyon ki wo) ki pral fè moun Ayiti di machin yo mache twò wo, y ap pral nan regle yo epi men kote l pa p jwenn ase fòs epi menm kote a machin nan pral kanpe nan wout avèk yo chak jou. »
Ansyen militè ameriken an fè konnen pou fini depi yon moun ap mal manevre machin blende yo kawoutchou yo ap lòk nan men yo. Menm sòlda yo avan yo kondi tip veyikil sa yo yo pran yon semèn fòmasyon pou sa. Epi se pa paske blende yo parèt fewòs ki fè yo fèt pou wout an Ayiti yo ki chaje twou, san konte lapolis la ap itilize yo mal.
N ap raple an rezon ensekirite a k ap panpannen kò l nan peyi d Ayiti, sitou avèk gang yo ki mye ekipe pase Polis Nasyonal d Ayiti (PNH), enstitisyon an te plase kòmand nouvo materyèl pou te fè fas ak bandi yo, pami yo plizyè veyikil blende. Men depi plizyè jou, veyikil blende yo ap remèt monnen sou teren an tèlman yo tonbe an pàn, menm rive gen youn bandi Kanaran boule semèn pase a aprè l te kole nan yon twou. Malgre kòmand aparèy teknolojik sa yo, PNH la paka bay randman.
Facebook Comments