Categories: SPORTS

Mondyal 2022 : Mawòk elimine Espay nan pennal, li make listwa !

Share

Anvan dènye uityèm final Mondyal FIFA Kata 2022 a te opoze Mawòk ak Espay, jounen 6 Desanm nan. Mawòk pase sou Espay nan chout pennal aprè yon match nil vyèj (0-0). 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Mawòk make listwa jodi a anfas Espay. Li vini katriyèm peyi Afriken ki kalifye pou kadefinal Koupdimonn lan nan tout istwa konpetisyon an. Mawoken yo elimine Espay nan pennal nan uityèm final Mondyal 2022 a. 

Match la te dispite anpil ant 2 ekip yo, men youn nan yo pa t rive pèse filè lòt. Yo te blije ale nan tan pwolongrasyon men sa pa t rive depataje ekip yo. Se nan pennal ekip yo te blije ale pou yo wè kiyès k ap klase pou kadefinal. 

Espay pa rive konvèti okenn nan 3 chout li tante yo avèk Sarabia, Soler epi Busquets. Nan 4 chout pennal pa Mawòk yo, yo konvèti 3. Sa te sifi pou yo valide biyè yo pou yon premye kadefinal Mondyal nan istwa yo. 

Aprè Kamewoun (1990), Senegal (2002), Gana (2010), Mawòk bay Lafrik yon lòt reprezantan nan kadefinal Koupdimonn. Se premye reprezantan Magrèb la genyen nan nivo sa.

Jephte Pascal

Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.

Leave a Comment
Published by