Categories: SPORTS

Mondyal 2022 : Pòtigal kraze Laswis pou l kalifye pou kadefinal

Share

Nan dènye uityèm final ki jwe nan Mondyal FIFA Kata 2022 a, Pòtigal te san pitye pou Laswis. Lizitanyen pase advèse yo yon eskò tenis (6-1) pou yo valide biyè yo pou kadefinal Koupdimonn lan. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Nou konn tout peyi ki kalifye pou kadefinal Koupdimonn FIFA Kata 2022 a, Pòtigal se dènye a. Nan yon match ki jwe nan Lusail Stadium nan, Seleçao a bat Laswis byen bat pou pran tikè kalifikasyon an.  

Seleksyonè Pòtigal la, Fernando Santos pa t deside demare ak Cristiano Ronaldo pou match sila a. Men sa pa t andomaje ekip la lè n gade Gonçalo Ramos, ki sanse ranplase CR7, ki louvri eskò a (17′) sou yon frap ki te siprann Yann Sommer. 

Pòtigè yo te fè brek la avèk Pepe ki fè yon gòl tèt (33′). Sa fè l vin I jwe ki fè gòl ak pi plis laj nan faz eliminasyon dirèk Nan Koupdimonn. Nan dezyèm mitan an, Gonçalo Ramos pa t pran tan pou l enskri yon double (51′) avan Raphael Guerrero vin fè katriyèm gòl la pou Pòtigè yo (55′).  

Manuel Akanji te redwi eka a pou Swis yo (58′). Gonçalo Ramos te vin enskri yon triple (67′), se premye jwè ki fè 3 gòl nan yon sèl match pou Koupdimonn 2022 a. Rafael Leão te fèmen eskò a pou Pòtigal (90+2′). Pòtigal pral kwaze ak Mawòk nan kadefinal.

Jephte Pascal

Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.

Leave a Comment
Published by