Categories: IMMIGRATION

Repiblik Dominikèn kontinye ap depòte Ayisyen yo

Share

Malgre plizyè òganizasyon ak pèsonalite piblik ap mande otorite dominiken yo pou yo mete fen ak depòtasyon an mas sitwayen ayisyen yo, otorite peyi vwazen an kontinye ap depòte Ayisyen yo. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Nan yon nòt pou laprès, direktè DGM a, Venancio Alcántara, deklare pandan mwa oktòb te gen  20,115 etranje ki te abite ilegalman sou teritwa dominiken an ki rapatriye e pandan mwa novanm nan, 17.000 sitwayen ayisyen te rapatriye. 

Li fè konnen tou imigran san papye yo te transfere nan sant koleksyon nan pwovens Dajabón ak Elías Piña, kote yo rete jiskaske yo voye tounen nan peyi yo. 

Yon lòt bò, daprè sa jounal Dominiken Listin Diario rapòte mèkredi 7 desanm 2022 a, minis administratif prezidans lan, José Ignacio Paliza, fè konnen pwoblèm migrasyon an pral abòde pandan 56èm Somè Prezidan Amerik Santral la ki pral  fèt nan Santiago nan dat k ap 8 ak 9 desanm 2022 a.

Mackendy Filderice

Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.

Leave a Comment
Published by