Categories: SPORTS

FIFA deklare pyès medya an Ayiti pa gendwa retransmèt Koup di mond la sou pèn sanksyon

Share

Aprè konpayi Verticas te reklame yon montan 2.5 milyon dola pou l te ka kontinye bay peyi d Ayiti siyal pou l te ka retransmèt match yo nan Koup di mond lan, kounya se tou pa FIFA (Fédération Internationale Football Association) ki pwononse l sou zafè a. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Nan yon korespondans ki ekri depi Doha, kapital peyi Kata kote Koup di mond lan ap dewoule aktyèlman, FIFA di l resevwa enfòmasyon “genyen plizyè chèn televizyon k ap difize Koup di mond lan an Ayiti san otorizasyon l”. 

Ògàn nan konfime se sèlman Verticas Media Group – ki chita kò l nan 1 Bourbon Street, Bourbon House, Castries, St.Lucie – ki gendwa bay kenpòt medya dwa redifizyon Koup di mond 2022 a nan peyi Dayiti. 

Federasyon an di li pa p tolere pèsòn vyole dwa medya li tabli yo, epi l ap pran tout mezi jidisyè pou l defann enterè li yo, kidonk ap gen sanksyon legal. 

N ap raple pi bonè nan dosye sila, kronikè espòtif Guito Célestin te pèdi djòb li kòm konseye nan Ministè Jenès, Espò ak Aksyon Sivik (MJSAC) fen novanm pase akòz li te deklare nan yon entèvyou li te bay jounalis Garry Pierre Paul Charles, « Ayiti san lè pèdi dwa pou retransmisyon match Koup di mond yo lakay li si l pa t peye montan 2.5 milyon dola yo te mande pou otorizasyon sila ». Verticas te deklare l ap koupe siyal la pa bò kote Televizyon Nasyonal d Ayiti (TNH). 

Nan detay yo, konpayi Verticas te reklame yon montan 2.5 milyon dola pou l kontinye bay siyal la an Ayiti. Si okòmansman, Leta ayisyen te ofri 1.5 milyon dola pou l te gen dwa emèt evènman espòtif la, aprè anpil tolalito, li te deside pa peye okenn frè epi ap redifize match yo kè pòpòz. 

Aprè gouvènman ayisyen an te deklare Ayiti te gen otorizasyon gratis pou retransmèt Koup di mond lan lakay li, pou kounya se FIFA ki pwononse l sou dosye a, aprè avètisman Verticas te bay yo.  

Pooshy Rosana

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Leave a Comment
Published by