Categories: AN KREYÒL SPORTS

Ajantin retounen nan dènye kare Mondyal la !

Share

8 lane aprè dènye demifinal Ajantin nan zafè Koupdimonn, Albiceleste a retounen nan koze a. Konpatriyòt Lionel Messi yo elimine Oland nan pennal nan kadefinal Mondyal Kata 2022 a. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Ajantin pa t jwenn tach la fasil pou l te debarase l de Oland nan kadefinal Mondyal la. Malgre Albiceleste a te gen yon bèl avans nan dezyèm mitan match la, li t oblije al depataje l nan chout pennal pou l jwenn tikè l pou demifinal. 

Nan yon match kote Ajanten yo te montre yo pridan anpil, se yo ki te jwenn ouvèti eskò gras ak Nahuel Molina (35′). Yo te kenbe avantaj sa pou jis premye mitan an bout. Nan lòt pati a, yo t ap jere eskò match nan fason yo t ap jwe. Yon match ki te gen anpil kontak, anpil katon. 

Lionel Messi ta pral enskri dezyèm gòl la pou peyi l. Jwè PSG a konvèti yon pennal (73′). Ajantin te panse l te fin bon men Oland fè 2 gòl nan dènye liy dwat match la gras ak Weghorst ki enskri yon double (83′, 90+11′).  

Nan seyans pennal la, Emiliano Martinez kenbe 2 premye chout Olandè yo. Malgre Ajantin te vin rate youn, li rive kalifye ak Lautaro Martinez ki konvèti dènye chout la. Ajantin pral kwaze ak Kwoasi nan demifinal Mondyal sa. 

Jephte Pascal

Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.

Leave a Comment
Published by