Kwoasi met Brezil deyò nan Mondyal la  

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
kwoasi met brezil deyò nan mondyal la  

Seleksyon Kwoasi a kalifye pou dènye kare Mondyal FIFA, Kata 2022 a. Kwoat yo bat Brezil nan chout pennal aprè yon match ki te fini nil (1-1). 

Brezil ak Kwoasi te opoze nan premye kadefinal Mondyal 2022 a. Ekip Kwoasi a rive gen rezon sou Seleçao a aprè seyans penalite. Konpatriyòt Luka Modrić yo retounen nan dènye kare Koupdimonn lan ankò. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pa t gen okenn gòl nan tan règlemantè match la, sa ki te oblije 2 ekip yo ale nan pwolongrasyon. Nan premye tan an, Brezil pran avantaj la avèk yon gòl Neymar enskri. Brezilyen yo te jere avantaj sa pou fini premye tan pwolongrasyon an. 

Nan fen dezyèm tan pwolongrasyon an, Kwoasi retounen nan match la. Sou yon bèl atak plase, Petkovic egalize pou Kwoasi (117′). Match la t ale nan chout pennal. 

Kwoasi konvèti tout pennal li te eseye yo alòske Brezilyen yo gen 2 jwè ki rate pou yo, Rodrygo ak Marquinhos. Eliminasyon sa mete Brezil deyò nan Mondyal la e seleksyonè yo, Tite tou deside kraze yon kite sa ak ekip la. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.