Categories: AN KREYÒL DIPLOMATIE

Kanada mande USA ak Inyon Ewopeyèn sanksyone kòmsadwa moun ki enplike nan kraze peyi a

Share

Premye minis kanadyen Justin Trudeau te konvoke yon katriyèm chita pale sou dosye Ayiti a 13 desanm pase a ak gwoup entèvansyon an ka ensidan ki gen ladan l plizyè minis ak wo fonksyonè, daprè sa gouvènman kanadyen an fè konnen atravè yon nòt. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Nan kad chita pale sila anbasadè ak reprezantan pèmanan Kanada pa bò kote Nasyonzini nan Nouyòk, Bob Rae ; anbasadè Kanada Ozetazini, Kristen Hillman epi anbasadè Kanada an Ayiti, Sébastien Carrière, tout te prezan nan reyinyon sila. 

Nan kad echanj ki t ap fèt, gouvènman kanadyen an te enfòme de sitiyasyon sekiritè ak imanitè peyi a, kote sitiyasyon an frajil anpil paske jiskaprezan « Ayisyen yo toujou ap fè fas ak vyolans gang ak zam nan tout sans, pami yo asasina, vyòl, destriksyon byen ak deplasman fòse ». 

Premye minis Trudeau, yon lòt kote, pa t ekate posiblite pou twoup li yo te fè pati yon entèvansyon militè an Ayiti, alevwa menm pou l ta dirije youn, men inisyativ Kanada pran pou sanksyone plizyè dirijan ki enplike nan sak pa sa pa bò isit an Ayiti, sitou nan zafè banditis, se pou kòmanse bay yon ekzanp diferan pa rapò ak lòt metòd avan yo kominote entènasyonal la te konn fè an Ayiti san yo pa t abouti ak anyen serye. 

“Nou pa retire anyen sou tab la, men avèk 30 lane eksperyans an Ayiti, nou konnen trè byen genyen gwo defi lè se pou voye yon fòs militè konplè epi byen senp”, deklarasyon M. Justin Trudeau bay Canada Today. 

Aprè sanksyon Kanada yo, gouvènman vle pou Lèzetazini ak Inyon Ewopeyèn fè menm jan ak li epi sanksyone tout moun ki genyen men tranpe nan kraze peyi a, pami yo elit ayisyen yo, politisyen yo epi premye konsène yo ki se gang yo ak tout chèf yo. Kanada mande Etazini ak Ewop pou suiv tras li yo epi alonje lis dirijan ayisyen ki enplike nan trafik dwòg, blanchiman avwa ak finanse gang yo an Ayiti.  

 

 

Pooshy Rosana

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Leave a Comment
Published by