Categories: AN KREYÒL ÉDUCATION

Enspeksyon jeneral edikasyon pran an chaj dosye Direksyon depatmal Latibonit lan

Share

Nan yon kominike ki pibliye nan lannwit 14 desanm 2022 an, Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl anonse yon komisyon ki mete sou pye pou fè limyè sou dosye sa ki enplike plizyè kad nan Direksyon depatmantal edikasyon Latibonit lan. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Plizyè gwo responsab Direksyon depatmantal edikasyon Latibonit lan nan prizon aprè plizyè plent te depoze kont yo pou enplikasyon yo nan livre fich ak elèv ki pa kalifye pou al konpoze egzamen bakaloreya pou ane akademik 2021-2022 an. 

Nan kominike an, Ministè a fè konnen ankèt administratif sou dosye sa nan men Enspeksyon jeneral administrasyon edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl (IGAENFP) ki ap gen pou remèt yon rapò nan yon semèn pou pi ta. 

Ministè a fè konnen egalman li kanpe pèmi dirije ak anseye Direktè sa yo ki enplike nan eskandal koripsyon sa jiskaske gen lòt desizyon ki pran pou ta retounen bay yo otorizasyon pou fonksyone. 

Nan kominike sa, MENFP envite tout aktè ak ajan edikatif yo pou kolabore nan lide pou fasilite travay komisyon an. 

Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by