Categories: AN KREYÒL ÉDUCATION

Etidye an Ayiti alèkile, yon kalvè pou jèn yo ki fin dezespere

Share

Chak ane, plizyè milye jèn nan tout kwen peyi a ap pran diplòm fen etid swa nan nivo klasik oubyen nan inivèsite. Etidye an Ayiti pou jèn sa yo ki pa gen twòp altènativ, reprezante yon gwo defi pou yo nan yon peyi kote aksè ak edikasyon vrèman limite. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Depi kèk tan, kantite jou lekòl yo pa sispann diminye ane aprè ane nan peyi a. Koz yo anpil. Enstabilite politik vire tounen, mwayen finansye fanmi yo k ap degrade jou aprè jou, san konte ensekirite an k ap ravaje sosyete an. Yon jèn gason oubyen yon jèn fanm k ap etidye nan yon peyi ki gen tout pwoblèm sa yo se yon ewo san okenn dout. 

Ane akademik 2022-2023 a nan nivo klasik reyisi demare reyèlman nan mwa novanm ki sot pase a aprè 2 mwa depi 3 septanm ki se premye dat Ministè edikasyon nasyonal te fikse pou rantre lekòl la. Dènye twoub sosyopolitik yo lakoz se nan kòmansman mwa novanm lan aktivite eskolè yo te kòmanse reprann nan kèk kote nan peyi an. Malgre sa, gen anpil zòn lekòl toujou poko relouvri. Pou semèn 12 desanm lan, Ministè a anrejistre anviwon 70% lekòl k ap fonksyone sou teritwa a. 

Akote tout pwoblèm sa yo, yon jèn oblije mare senti pou aprann nan peyi d Ayiti kote lavi chè a ap taye banda. Ogmantasyon pri pwodui premye nesesite yo, pri kous machin ki pa sispann ogmante akoz ratman gaz ak gouvènman an ki te deside, pandan de fwa, monte pri pwodui petwolye yo sou mache lokal la. Malgre kondisyon pou etidye yo ki te deja pa t reyini, yon elèv oubyen yon etidyan oblije gen plis lajan nan pòch pou fè fas ak kou lavi a jounen jodia. 

Yon ansanm rezon ki eksplike abandon, nan inivèsite yo espesyalman, yon pakèt jèn ki te gen rèv pandan yon moman pou itil tèt yo, fanmi yo ak peyi a. Sou dènye ane yo, kantite jèn gason ak jèn fanm etidyan ki abandone etid yo oubyen kite peyi a anpil. Si pou anpil nan yo se yon seri rèv ki detwi, gen lòt ki ale chache lòt opòtinite, nan lòt peyi, kote kondisyon yo sanse reyini. Lafrans, destinasyon jèn inivèsitè ayisyen yo pandan dènye ane sa yo. 

Yon sitiyasyon ki san dout kapab gen gwo konsekans nan ane k ap vini yo avèk kad entèlektyèl yo ki pa sispann kouri kite peyi a. Edikasyon se fondman tout nasyon. Yon peyi k ap kite pitit li, sa ki plis fòme yo sitou, ale sèvi lòt peyi pandan nesesite pou chak grenn entèlijans sa yo kontribiye nan rebati nasyon sa fondamantal. 

Jèn yo nan lekòl klasik ak inivèsite yo k ap etidye ak dekourajman epi dezespwa dènye ane sa yo se yon pwoblèm elit yo nan peyi a dwe adrese prese prese nan lide pou remete Ayiti sou ray epi asire yon demen miyò pou peyi a ak byennèt popilasyon an. 

 

Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by