Categories: AN KREYÒL SPORTS

Benzema fè yon kraze kite sa avèk Lafrans

Share

Yon jou aprè final Lafrans pèdi anfas Ajantin nan, nan choute pennal, Karim Benzema deside met fen nan karyè entènasyonal li. Jwè Real Madrid la anonse sa sou rezo sosyal yo. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Lafrans ak Karim Benzema, yon istwa lèt AK sitwon ki konnen bout li jodi a. Balon dò an tit la anonse li p ap pote mayo ble a ankò, kèk èdtan aprè yo fin pèdi final Mondyal la. Benzema ki te blese pa t patisipe nan konpetisyon an menm si non l te rete nan lis jwè yo. 

Selon tout vrèsanblans, Benzema te elijib pou l jwè dènye match yo pou Lafrans. Men sa pa t twò entèrese Didier Deschamps ki te prefere evite sijè a nan konferans pou laprès. Yon jès ki pa t fè Benzema plezi, se pou sa l te refize asiste final la nan Lusail Stadium nan malgre envitasyon l te jwenn. 

Benzema pase plis pase 5 lane san l pa t jwe yon grenn match pou Ble yo. Yo te ekate l pou yon eskandal avan l te tounen pou Euro 2020 an. Kòm bilan, Benzema pami 5 pi bon bitè ekip Lafrans lan nan tout listwa l e li ranpòte yon grenn tit, Nations League la nan lane 2021. 

 

Jephte Pascal

Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.

Leave a Comment
Published by