Categories: AN KREYÒL SPORTS

5 jwè ki panse yo pi fò pase Messi ak Cristiano Ronaldo

Share

Deba ki te ekziste ant Messi ak Ronaldo depi kèk ane nan foutbòl la fini. Yon semèn depi star Ajanten an fin champyon Mondyal la, pèson paka konpare 2 jwè sa yo ankò. Se vre deba Messi ak Cristiano Ronaldo a rive nan bout li aprè Pulga a fin kraze mondyal la nan peyi Kata ak 12 rekò. Men gen kèk jwè ki estime yo te pi fò pase Messi ak Cristiano Ronaldo. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Messi mete yon bout nan deba ki te ekziste ant li menn ak star Potigè a aprè mondyal sa li pran nan peyi Kata. Gen yon ekip jwè ki panse yo te ka rive nan tèt foutbòl la paske yo kwè yo te pi fò pase Messi ak Cristiano Ronaldo. Jwè sa yo se:  Zlatan Ibrahimovic, Hatem Ben Arfa, Antonio Cassano, Wesley Sneijder epi Mohamed Salah. 

Zlatan Ibrahimovic

“si n ap pale sou kalite moun, yo youn pa pi bon pase m. Si n ap pale de tit, wi m pa pran Lig Champyon an. M pa konn ki kritè yo itilize pou yo bay meyè jwè tout tan, paske sa pa vrèman enterese m. Depi yon ekip ap byen jwe ap toujou gen yon grenn jwè ki benefisye travay ekip la. Yon jwè paka di l fò si ekip la pa solid. Nan mwen menm m konnen m se meyè jwè  nan mond lan. M pa bezwen Balon dò pou m konn sa.” 

Hatem Ben Arfa

M regrèt m pat gen ase matirite avan. M panse jodi a m tap bon anpil. Petèt m tap tankou Messi jodi. Men m panse m gen tan m ka ratrape m” pawòl li sou 10 Sport.”

Wesley Sneijder

Youn nan legand Peyi Ba fè jounalis Gianluca di Marzio konnen : ” m te ka tankou Messi ak Ronaldo men m te jis pat gen anvi. M jwi lavi m, Leo ak Cristiano diferan, yo fè anpil sakrifis pou yo nan nivo sa. Fòk  m di sa, m fè yon gwo karyè nan jwèt la” 

Antonio Cassano

Si m te gen tèt mw sou zepol mwen , m te ka menm jwe sou planèt Mas. M tap tankou Messi, Neymar et kèk lòt jwè.”

Mohamed Salah

” Si nou ta konpare m a nenpòt jwè kap jwe nan pòs m ap evolye a, pa nan ekip mw an sèlman men nan mond lan, n ap wè m se meyè a”. 

Deba fini, Messi devanse tout jwè sa yo, menm Cristiano Ronaldo paka oze di l pi bon pase Messi. Men yon bagay ki klè 2 jwè sa yo fè anpil bagay nan jwèt la e yo pap sispann pale de yo menn lè anpil moun ap rekonèt Messi pi fò. 

Gabriel Emmanuel

Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive

Leave a Comment
Published by
Tags: Antonio Cassano Cristiano Ronaldo Hatem Ben Arfa Lionel Messi Mohamed Salah Wesley Sneijder Zlatan Ibrahimovic