Categories: AN KREYÒL SOCIÉTÉ

Lajan apezman sosyal la deja transfere sou kont izin soutretans ki te seleksyone yo

Share

Nan kad pwogram gouvènman an te mete sou pye pou soutni gwoup vilnerab yo nan peyi a, Fon asistans ekonomik ak sosyal (FAES) anonse transfè lajan ki fèt sou kont 35 nan 37 konpayi benefisyè yo ki nan sektè soutretans lan. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Nan yon nòt pou laprès ki piblik, FAES anonse transfè lajan sa ki fèt sou kont konpayi sa yo kote yon total 56,951 anplwaye nan sektè soutretans lan pral kapab benefisye yon sibvansyon 6,800 goud y ap jwenn nan de vèsman. 

Nan kad pwotokòl akò sa ki siyen ant FAES, ADIH ak Ministè afè sosyal ak travay, genyen 56,951 ouvriye nan sektè soutretans lan k ap resevwa nan yon tan ki pa lwen 6,800 goud k ap bay sou de mwa avèk 3400 goud/mwa. 

Daprè FAES, fon sa ouvriye yo pral resevwa pandan de mwa sa yo ap sèvi pou kouvri frè transpò ak manje yo pandan peryòd sa nan kad Pwogram ijans miltisektoryèl gouvènman Ariel Henry an mete sou pye pou soutni gwoup ki pi vilnerab yo. 

 

Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by