Categories: IMMIGRATION

Plis pase 20 mil ayisyen rantre ilegalman Panama pandan ane 2022 an

Share

Nan kouri kite peyi an pa nenpòt ki mwayen, ayisyen yo pa sispann ale chache refij toupatou, prensipalman nan rejyon an. Sòti janvye pou rive desanm 2022, genyen yon total 22,400 ayisyen ki rantre ilegalman Panama nan fè tranzisyon pou Etazini.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Ayisyen sa yo k ap kouri kite peyi an chak jou pi plis akoz move kondisyon lavi epi ensekirite k ap layite kò l toupatou sou teritwa a, travèse anviwon 8,000 kilomèt wout ki gen ladan l youn nan forè ki pi danje nan Amerik latin lan, Darien Gap.

Pandan ane 2022 an, otorite peyi Panama yo resanse plis pase 22 mil ayisyen ki rantre sou teritwa yo an ak espwa y ap rive Meksik, Kanada oubyen Etazini. Yon long wout kote konpatriyòt sa yo fè fas ak tout kalite danje.

Sèlman nan mwa desanm 2022 an, genyen yon total 20,297 migran san papye ki rantre sou teritwa Panama a kote majorite nan yo sòti nan peyi Ekwatè avèk 7,864 moun epi Ayiti ki gen 5,459 migran k ap travèse rejyon Amerik santral la pou rejwenn Etazini prensipalman.

Sou kantite migran ki rantre Panama globalman pandan 2022 an, otorite yo anrejistre yon nivo rekò nan kesyon migrasyon avèk 248,284 migran kote gwo majorite an se venezelyen, ekwatoryen, ak ayisyen.

Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by