Categories: AN KREYÒL SPORTS

PSG akeyi Messi ak anpil onè pou retou li nan klèb la

Share

Chanpyon mondyal 2022 a retounen nan kan antrenman ekip PSG a jodi mekredi a, yon enfòmasyon klèb la anonse sou rezo sosyal yo. Se ak anpil respè ak onè jwè ak dirijan yo resevwa meyè jwè 22zyèm edisyon mondyal la. Messi ap reprann antrenman yo, pou l kapab rekòmanse jwe semèn k ap vini la. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Se nan kan Loges  yo, Messi fè gran retou li jodi mèkredi a. Se ak anpil fyète star ajanten an retounen nan klèb li aprè li fin chanpyon Mondayl 2022 a, nan mwa desanm ki sot pase a. Jan sa te planifye, jwè a respekte jou li te dwe retounen an. Kote li pral rankontre ak Mbappé ki te fini meyè bitè nan mondyal la ak ekip Frans lan epi Hakimi ki sot ekri yon paj nan istwa foutbòl la ak ekip Mawòk la.  

Men sa klèb la te poste sou rezo sosyal yo pou l anonse retou Messi a : 

Leo Messi retoune nan sant antrenman maten an aprè li fin chanpyon Mondyal la. Bravo Messi !” Se sa klèb la mete sou kont Twitter li.   

Aprè 10 jou repo, pou jwè ki pran Balon dò a 7 fwa, Messi ap rekòmanse antrene pou l ede PSG, li kapab jwe semèn k ap vini fas Angers oubyen Rennes. 

 

Gabriel Emmanuel

Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive

Leave a Comment
Published by