Plis pase yon santèn migran ayisyen debake abò yon bato nan Florid 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
plis pase yon santèn migran ayisyen debake abò yon bato nan florid 

Plizyè dizèn Ayisyen debake ayè madi 3 janvye 2023 a nan Key Largo, Eta Florid, Ozetazini, abò yon bato refijye. Premye enfòmasyon yo fè konnen bato a sòti Zile Latòti, nan Nòdwès peyi a. 

Daprè jounal Miami Herald, migran sila yo rapòte yo sove kite peyi yo Ayiti pou yo pa viktim anba zak vyolans bandi ak zam ap poze chak jou pi plis sou popilasyon an, anplis lavi chè ak chomaj ki genyen la. Tout sa yo rann konpatriyòt sila yo paka viv an pè epi al chèche lavi miyò lòt kote.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Ayisyen sila yo debake sou teritwa ameriken an nan menm jou plizyè bato kiben debake la, nan Key Largo. Jounal ameriken an konfime reyèlman genyen omwen 3 bato ki chaje Kiben ki debake nan Islamorada, Key Largo, ak nan Marathon nan Middle Keys. 

Pa bò kote pa Ayisyen yo, apenn yo te rive sou tè gad kot pa t pran tan pou te mete lapat sou yo, alòske te gentan gen yon lòt gwoup ki te deja sou siveyans. Genyen ki te menm lage kò yo nan dlo lè yo rive tou pre rivaj la, nan lide pou yo pa t arete yo.  

Tèlman genyen migran Ayisyen ak Kiben ki debake nan Key Largo (Florid) pandan dènye jou sa yo, se oblije yo oblije pataje espas pou yo repoze annatandan. 

Men m si administrasyon Biden nan sot renouvle Estati Pwoteksyon Tanporè a (TPS) pou plizyè dizèn milye Ayisyen, epi pèmèt yo travay ak viv legalman Ozetazini, sa pa anpeche administrasyon an kontinye voye yo tounen lakay yo an Ayiti, malgre kriz ki genyen la. 

Anplis sila ki pran risk sou lanmè pou rantre Ozetazini, n ap raple genyen plizyè milye lòt ki sou fwontyè Meksik-Etazini, ki sòti patikilyèman nan Amerik di Sid la. Prèske chak jou yo la pou wè si yo ka foule tè kay Tonton Sam pou bouske yon lavi miyò pou yo ak fanmi yo. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.