Categories: AN KREYÒL INSECURITE

Kidnape depi 2 janvye, ansyen depite Smith Maturin toujou nan men atoufè yo

Share

Bandi ak gwo zam fann fwa nan men yo kidnape depi Lendi 2 janvye 2023 a, ansyen depite Ti Rivyè Nip lan presizeman blòk Payan, Smith Mathurin ak chofè li. Zak kidnapin sa a te fèt sou wout nasyonal nimewo 2 a touprè zòn Mèje, nan vil Greste. Jiska kouwè l ye la a, li liberasyon 2 otaj yo ap woule nan farin 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Ane 2022 a se te youn nan ane ki te resanse plis ka kidnapin andedan peyi a sitou zòn yo nan metwopolitèn Pòtoprens lan, louvri 2023, gang ak zam yo pa pran repo, bandi ki gen gwo zam nan men yo te kidnape, lendi 2 janvye pase a, ansyen depite Ti Rivyè Nip lan presizeman blòk Payan, Smith Maturin ansanm ak chofè li. 

Ka anlèvman sa fèt nan yon lokalite ki pote non Mèje, nan vil Gresye, sou wout nasyonal nimewo 2 a. Daprè fanmi ansyen palmantè a, kidnapè yo te jwenn plizyè manm fanmi ansyen depite a nan machin nan, sous la rakonte bandi yo al depoze tout rès fanmi an Maryani, lakay yo, epi yo ale ak depite a ansanm ak chofè a. 

Ansyen manm eli Fanmi Lavalas la nan 50yèm lejislati a apenn sot sibi yon operasyon aprè yon Aksidan Vaskilè Serebral (AVC).  

Jiska jodi jedi a, kidnapè yo poko lanse pyès negosyasyon pou liberasyon viktim nan. 

Witson Beaujour

Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.

Leave a Comment
Published by