Categories: AN KREYÒL

Ka kidnapin yo diminye an Ayiti pou ane 2022 a parapò ak ane 2021, daprè CARDH

Share

Sant pou analiz ak rechèch sou dwa moun (CARDH) nan bilten anyèl li pibliye Jedi 5 janvye 2023 sa a, enfòme li idantifye  yon total de 857 ka kidnapin nan peyi a pou ane 2022 a, kont 1009 pou ane 2021 an, yon diminisyon de 15,06%.  

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Vrèman vre, Sant pou analiz ak rechèch sou dwa moun (CARDH) nan rapò l la te di pou dènye trimès 2022 a, Inite nan obsèvasyon krim (COC) nan estrikti sa a (CARDH)  te anrejistre  yon total de 127 ka kidnapin nan peyi a,  sa ki gen ladan 12 moun ki pa Ayisyen sa vle di moun ki etranje. 

Daprè ONG lokal la, chif sa a  reprezante yon diminisyon de  37.75% konpare ak dènye trimès la pandan COC te idantifye 204 ka, ak 68.56% konpare ak dènye trimès 2021 an, sa vle di 404 ka idantifye. 

Nan menm rapò sa a CARDH kontinye pou li fè konnen pou ane 2022 a, yo te anrejistre 857 ka kidnapin, konpare ak 1009 pou ane 2021 an, sa ki fè  yon diminisyon de 15,06%. Daprè òganizasyon non gouvènmantal la, pou ane 2022 a, omwen 74 etranje te kidnape konpare ak 2021 kote sèlman 53 etranje te kidnape sa ki vin fè yon ogmantasyon de 39,62%. 

Pou eksplike diminisyon sa a, Sant pou analiz ak rechèch sou dwa moun (CARDH) di diminisyon sa a se akòz rejim sanksyon peyi etranje  tankou Kanada ak Etazini kontinye ap enpoze kont kèk pèsonalite nan peyi a, epi efò lapolis nasyonal d Ayiti a kontinye ap fè pou konbat bandi yo nan peyi a. 

 

Mackendy Filderice

Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.

Leave a Comment
Published by