Categories: AN KREYÒL

Enpak sikolojik yon foskouch ka gen sou lavi yon fanm

Share

Yon fanm k ap pote yon timoun ap viv yon moman san parèy nan lavi l, fanm sa ap pote pi gwo kado yon moun te ka ofri limanite. Men sa konn rive, gwosès la pa rive nan bout li, fanm sa fè yon foskouch. Daprè anpil etid ki fèt, Oxford yon inivèsite nan peyi Angletè, montre yon foskouch gen gwo enpak ak konsekans sou sante mantal yon koup, espesyalman sou fanm nan. Se yon moman ki difisil anpil, kèk moun konn panse aprè kèk jou sa ap pase men enpak yo ak konsekans yo konn parèt difisil pou sijè a rejwenn ekilib nan vi l, kote depresyon, anksyete, chagren, estrès pòs-twomatik, kilpabilite, laperèz pou yon lòt gwosès konn pèsiste sitou nan 3 premye mwa aprè foskouch  la.  

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

 

Sante mantal yon fanm ki fin fè yon foskouch, ki pèdi yon timoun kapab mete sijè a nan yon pakèt enkyetid, etid ki fèt sou sijè sa montre majorite fanm ki fè foskouch gen anpil posibilite pou yo tonbe nan depresyon, twomatize pou plizyè ane, genyen ki menm kwè yo pap ansent ankò. Pafwa kwayans yo konn pouse yo kwè se Bondye ki poko vle yo gen timoun, oubyen se mechanste yo fè yo. Men kèk enpak yon foskouch ka gen sou lavi ak sante mantal yon fanm.  

Nan yon etid Adolfson ak kèk lòt syantifik te fè, yo te rive jwenn anpil fanm fè gwo depresyon aprè yon foskouch. Daprè DSM- 5 lan, ki se liv pwofesyonèl nan sante mantal yo itilize, depresyon an se yon twoub mantal, ki retire koulè ak anvi viv nan lavi yon moun. Men kèk sentom ki kapab montre yon ap soufri depresyon.  

  • Pèdi apeti oubyen manje anpil
  • Fatig tout jounen
  • Paka dòmi oubyen dòmi twòp
  • Pèdi enterè ak aktivite ki fè kè kontan, ki bay plezi
  • Kwè nan lanmò, maladi ak aksidan, elatriye

Lòt konsekans sikolojik yo, lè yon fanm fè yon foskouch se anksyete, twomatis  ak chagren sa yo kapab koze lanmò fanm nan. Se rezon ki fè li enpòtan anpil, yon fanm ki fè yon foskouch ta sipoze jwenn sipò fanmi, zanmi, ka sa depase moun sa yo, li tap enpòtan pou fanm sa rive wè yon sikològ ki kapab ede l travèse moman difisil sa. Paske aprè yon foskouch, dega yo konn anpil nan sa ki gen pou wè ak fason yon koup ak fanm ki konsène ap viv moman sa.  

 

Ravensley Boisrond

Journaliste, Amateur de littérature et de la photographie, grand passionné du multimédia

Leave a Comment
Published by