Categories: AN KREYÒL SOCIÉTÉ

Sèvis kominikasyon nan peyi Ayiti se gwo tèt chaje

Share

Zafè kominikasyon nan peyi d Ayiti se kaskèt chinwa. Si tou lèw abite nan zòn ki rekile yo li pa fasil menm pou w fè yon apèl. Pou zafè pri plan yo se pa pale, responsab konpayi yo, monte yo lè yo pi pito pa gen okenn otorite k ap di ni monte ni desann. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

 Se pou rezon sa plizyè sitwayen pa gade silans yo pou fè konnen sèvis telefòn ak entènèt yo pa bon kalite ditou pandan dènye jou sa yo epi plan yo monte men otè. Itilizatè yo pwofite denonse sèten konpayi ki ogmante pri yo nan sèvis yo, a 20 epi 30% san yo pa menm fè yo konnen. 

” Imajine ou te konn fè yon plan ki koute w 65 goud, ou jis leve yon bon maten ou wèl monte a 75 goud san w pa menm resevwa okenn mesaj. Kidonk nan tout fason nan peyi sa, yo pa pran moun pou anyen, yo fè w sa yo vle, jan yo vle paske pa gen pèsòn k ap di anyen, m konnen yon jou sa pap rete konsa” deklarasyon Samanta yon kliyan Digicel. 

Yon lòt kliyan deklare : ” se kòmsi gen yon konplo ant responsab kominikasyon yo ak leta Ayisyen, pou yo kraze ekonomi peyi a plat. Yon telefòn vin tankou yon timoun w ap okip tèlman w fè depans”. 

 Sepandan, ekonomi dijital la se yon domèn pwomèt ki ofri gwo opòtinite ekonomik pou jèn moun epi bon jan aprantisaj sou entènèt la. Poutan leta ayisyen kite jaden an ouvè bay konpayi telefòn mobil yo pou apvwi popilasyon ayisyèn nan. 

 An Ayiti, pri sèvis telekominikasyon yo te ogmante pa mwa pou pi piti 20%. Nan mwa jen 2022, DG konpayi pou minit lokal yo se 16.5 goud sou kont prensipal kliyan an, alòske Natcom, patenè leta ayisyen ak yon konpayi vietnamyen ki jodi a, gen monopòl sèvis entènèt an Ayiti a, te mete sou pye sèvis entènèt trè bon mache pou konsomatè ayisyen yo. 

Alòske entènèt Natcom chak mwa te 200 goud, pou kounye a pakè a ogmante a 500 goud, yon ogmantasyon 300%. Se pa mwen ki pou raple nou chomaj la wo anpil an Ayiti. Nan pifò ka, sèvis telefòn lan se yon sous espwa pou fanmi ayisyen yo, ki konte sou apèl chak jou soti nan dyaspora a oswa fanmi yo. 

Kethia Saint Marc

Journaliste rédactrice, institutrice, maîtresse de cérémonie, diplômée en informatique ,passionnée de la présentation ainsi que l'animation.

Leave a Comment
Published by