Categories: AN KREYÒL

18 mwa aprè asasina mari l, Martine Moïse kontinye ap mande jistis

Share

Ansyen Premye dam Martine Moïse poko janmen ka fè dèy li depi aprè asasina mari l, ansyen prezidan Jovenel Moïse, nan dat 7 jiyè 2021 an, nan rezidans prive yo, nan Peleren 5 anlè Petyonvil. 7 janvye ki sot pase la, vèv la pat rate okazyon pou mande jistis pou prezidan asasinen an. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Martine Moïse idantifye klèman nan yon twit rezon ki fè ansyen lokatè Palè nasyonal la jwenn lanmò l nan yon fason trajik konsa. 

“Fòs fè nwa touye Prezidan #JovenelMoise paske li fè Leta sispann peye blakawout, sifaktirasyon wout elatriye. Malgre tout sabotaj yo,18 mwa apre, pèp #Haiti kenbe flanbo jistis la pi wo”, se sa li te ekri bò 2 zè 59 nan aprèmidi pandan l te fini mesaj li a ak yon “hashtag” #JistisPouJovenel. 

Aprè mesaj madanm nan – ki tounen yon tradisyon chak 7 nan mwa yo pou pi fò sipòte ansyen dirijan Tèt Kale a – moun ki sou rezo sosyal yo, patikilyèman Twitter ak Facebook, pa t mete dlo nan bouch pou kritike Martine Moïse. Si genyen moun ki gen yon diskou net oubyen anfavè madanm defen an, tout rès la voye l al mete devwa l o pwòp nan dosye sila limyè poko janm ka fèt sou li jiskaprezan. 

“Menm fòs fè nwa ke ou konnen e ki te kenbe 18 Kolonbyen yo enjistis, pa sèlman ou pèdi, 18 fanmi tou”: Claudia J. Herrera / Esposas de Veteranos, ki se yon kolonbyèn. Li te tou pwofite mande jistis pou mèsenè kolonbyen yo ki jwenn arestasyon yo nan lanmò ansyen prezidan. 

“Kite yo bliye ou non. Ou konnen trè byen tout bagay. Poze ti ko ou pou yo pa pase pran ou”: Bonjannouvel 

“Bon siw konn moun ki touye mariw yo poukiw pa denonse yo pote plent ou fini ou la wap veye dat 7 nan chak mwa pou wap tiré pwent se pou montré n ou te renmen jovenul ou an epoutan ou pat renmen l vre mafyaz menm ou ta sipoze anba kod pou lanmo jovenul madan gang”: PICAEDMO 

“Al chèche yon kote w grate tande madanm. Pou valè moun nou asasine nan ti peyi sa a men kounye an wap.plenyen dèske karma te ateri. Nou fin asasine Mèt Dorval e msri w te di 2 minit aprè w te gentan gen videyo kadav la, yo jwenn tlf Mèt la nan men chofè w (Vilpique)”: Agent-X 

“Touka Titine ou te nan chanm nan tou e ou te fe komsiw mouri men domi gele te tou pranw 9u paka snge anyin”: Revinicius 

Se kèk pami plizyè kòmantè moun sou mesajri Twitter te lanse anba mesaj ansyen Premyè dam nan ki te akonpaye ak yon foto «Nèg Bannann nan ». Pi fò moun yo pa t an favè madanm nan epi menm fè konnen li konnen sa ki te pase byen pwòp nan lannwit 6 pou al bout 7 jiyè 2021 an. 

N ap raple, Martine Moïse, nan jou asasina 58yèm prezidan an, te nan kay la tou epi menm rive resevwa plizyè bal nan men otè zak yo. Yo te blije kouri Ozetazini ak li pou l al pran swen lopital. Malgre divès entèvyou li bay nan laprès entènasyonal ak kesyon l reponn lajistis, limyè pa janm ka fèt sou dosye a, san konte plizyè nan deklarasyon li yo youn kontredi lòt. 

 

Pooshy Rosana

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Leave a Comment
Published by