Categories: AN KREYÒL IMMIGRATION

Pwogram imanitè Etazini an komanse fè kè kontan

Share

Tammy Rae, Avokat imigrasyon Etazini an, deklare a yè  11 janvye  2023 nan yon Tweet, gen anpil Ayisyen ki kòmanse jwenn pèmi imanitè yo pou yo antre Etazini gras ak èd pwogram prezidan ameriken an Joe Biden te fenk lanse a. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Kèk benefisyè Pwogram Imanitè Etazini an rapòte  yo deja jwenn otorizasyon.  “Otorizasyon vwayaj yo deja rapòte atravè pwogram libète pwovizwa CHNV 134 la”, te ekri  Mèt Tammy Rae sou kont Twitter li, Mèkredi 11 janvye a, aprè solèy la fin kouche. 

Nan dat ki te 5 janvye 2023, Prezidan ameriken an, Joe Biden te anonse  posiblite pou imigran ki soti Ayiti, Nikaragwa, Kiba ak Venezyela antre legalman Ozetazini atravè pwogram sa a ki vize akòde jiska 30,000 pèmi chak mwa. 

Aprè Prezidan ameriken an te fin fè anons sa a, anpil Ayisyen te pataje kontantman yo sou rezo sosyal yo, anpil nan yo pa t pran tan pou yo te debake nan Direksyon Imigrasyon ak Emigrasyon an Ayiti nan lide pou yo retire paspò yo, oswa fè paspò pou yo ka benefisye de pwogram sila a. 

Daprè sa otorite ameriken yo di, Pwogram Imanitè sa a,  gen pou objektif dekouraje imigran k ap soti nan peyi sa yo antre ilegal nan peyi Etazini.  Se sak fè prezidan ameriken an te avèti tout imigran ki gen lide antre Etazini yo fason ki ilegal. “Imigran ilegal yo pral  depòte byen vit nan peyi Meksik,” te di Prezidan Biden. 

 

Mackendy Filderice

Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.

Leave a Comment
Published by