Categories: AN KREYÒL POLITIQUE

Platfòm Ayisyen pou lapè mande yon soulèvman jeneral devan kriz grav sa an Ayiti

Share

Platfòm Ayisyen pou Lapè mande pou yon soulèvman jeneral devan gwo kriz nasyonal sa a, tout pandan li denonse  mank enkyetid otorite  Ayisyen yo konsènan sitiyasyon an. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Òganizasyon an ankouraje yon reveye nasyonal pou yon rekiperasyon ekonomik nan peyi a, ki konsidere kòm youn nan peyi ki pi pòv nan mond lan. Platfòm nan fè  remake tou ensekirite, kriz gaz la, ogmantasyon nan pri  pwodwi esansyèl ak depresyasyon nan lajan nasyonal la kont dola a afekte popilasyon a nan yon fason patikilye. 

Nan sans sa a, Platfòm Ayisyen pou Lapè mande sitwayen yo pou yo mobilize epi mete dirijan ki sansib ak dirijan ki gen enkyetid nan tèt peyi a. 

N ap raple peyi a  ap fè fas ak yon kriz ekonomik, politik, sosyal ak sekirite grav paske sektè prensipal yo pa rive jwenn yon akò ki vrèman enklizif ki pral pèmèt rekiperasyon an kòmanse. Prèske mwatye nan popilasyon an  ap soufri  akoz ensekirite alimantè ak yon enflasyon ki depase 47 pousan nan mwa desanm lane ki sot pase a, youn nan pi gwo chif yo anrejistre nan dènye deseni yo. 

San bliye gwoup gang yo ki pran kontwò l anpil zòn nan Kapital la, kote yo konn fè gwo konfwontasyon ak aksyon ki lakòz lanmò plizyè milye moun epi plizyè santèn moun kite kay yo. 

Men malgre tout sa yo okenn akò pa rive jwenn ant prensipal gwoup politik, sosyal ak ekonomik ansanm ak Gouvènman an pandan sitiyasyon an vin pi mal pou moun ki pi vilnerab yo, kote yo se sib nèg ak zam yo nan peyi a. 

Mackendy Filderice

Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.

Leave a Comment
Published by