Categories: IMMIGRATION

Plizyè santèn imigran gentan jwenn otorizasyon pou antre Etazini, daprè Brian Nichols

Share

Plizyè santèn moun deja otorize pou yo antre Ozetazini nan kad  pwogram libète pwovizwa CHNV 134 la.  Se Sou Sekretè Deta Etazini pou Afè Emisferik Brian A. NICHOLS ki konfime enfòmasyon an sou rezo sasyal Twitter a. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Vrèman vre, enfòmasyon ki te fè kwè Ayisyen yo deja jwenn pèmi imanitè yo pou antre Ozetazini nan kad pwogram imanitè Prezidan ameriken an Joe Biden te anonse a konfime, se Brian Nichols ki konfime enfòmasyon an sou kont Twitter li vandredi 13 janvye 2023 sa a. 

“Plizyè santèn Ayisyen, Kiben, Nijaragweyen ak Venezyelyen  deja apwouve pou rantre Etazini nan kad pwogram Biden nan”. Se sa Sekretè Deta Adjen pou Zafè Emisferik Oksidantal la fe konnen. Brian Nichols di “se mwayen ki pi asire, pi òdone, pou migran rive sou sòl Ameriken an”,   

Nap raple nan dat ki te 5 janvye 2023, Prezidan ameriken an, Joe Biden te anonse  posiblite pou imigran ki soti Ayiti, Nikaragwa, Kiba ak Venezyela antre legalman Ozetazini atravè pwogram sa a ki vize akòde jiska 30,000 pèmi chak mwa.

Mackendy Filderice

Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.

Leave a Comment
Published by