United genyen batay Manchester a

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
united genyen batay manchester a

Bèl viktwa pou United ki genyen citizen yo (2-1) nan dèbi Manchester an ki te mete yo fas ekip Pèp Guardiola a nan okazyon 20èm jounen Premier League la. 

Manchester United mete do citizen yo atè jodi samdi an nan Old trafford la gras ak de gòl Marcus Radford ak Bruno Fernandes ta pral enskri pou yo nan kenz dènye minit match lan. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Manchester City ki te ouvri eskò an nan 60èm minit avèk Jack Grealish ki te ranplase Phil Foden nan kòmansman dezyèm mitan an, kite ale twa pwen viktwa a avèk remonte United la ki reyisi make de gòl nan espas 5 minit pou finalman genyen 2-1. 

Ak viktwa sa, Rèd Devils yo rapwoche yo plis de citizen yo ki toujou rete dezyèm dèyè Arsenal ki kontinye rete nan tèt klasman an. Manchester United genyen pou kounya yon sèl pwen an mwens City. 

Manchester United ki te koupe kontra Cristiano Ronaldo nan fen ane 2022 an, rete sou yon bèl seri match san pèdi ki kòmanse depi novanm ane pase kote match jodia mete yo a nèf viktwa youn kole ak lòt. 

Red Devils yo, aprè 20 jounen chanpyona, twouve yo nan twazyèm plas klasman an ak 38 pwen, dèyè Arsenal ak Manchester City ki se youn aprè lòt premye ak dezyèm lan. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.