Categories: AN KREYÒL

Yon jounen grèv nan sant enpo Petyonvil la

Share

ONI ak biwo imigrasyon an te lanse yon grèv ayè jedi 19 janvye 2022 a, aprè yon konfli ant yon ofisye lapolis ak youn nan anplwaye enstitisyon sa yo. Manifestan yo t ap mande sipò otorite Polis Nasyonal dayiti a, ak gouvènman an pou mete fen pou fason polisye yo ap britalize yo depi kèk jou. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Depi lansman pwogram “Humanitarian Parole” la moun debake pa pil pa makòn nan divès biwo leta yo ki abitye bay dokiman Etazini rekòmande pou entegre pwosesis vwayaj la. 

Anba presyon foul moun yo, plizyè nan yo te tonbe nan yon eta kote yo te menm endispoze. Epi yon konfli te pete ant yon travayè imigrasyon ak yon ofisye lapolis, ki te tou fè anplwaye a fache kou kong epi l te tou sispann travay pou jounen an. 

Kòm yon siy pwotestasyon, anplwaye DGI ak biwo imigrasyon yo te pwofite lanse yon jounen grèv epi bloke wout la. Yo te chache entèvansyon responsab PNH yo pou sispann konpòtman brital polisye yo. “Yo pa nan premye tantativ yo. Sa fè 4 jou depi youn nan yo te atake yon lòt anplwaye,” deklarasyon youn nan viktim yo. 

Yon lòt bò, sitwayen ki vin jere dosye pyès yo te kontinye rete devan baryè yo, malgre mouvman mobilizasyon yo. Yo te rete pasyan epi yo t ap tann manifestan yo fini ak mouvman an, pou yo ka kontinye vin sèvi yo. Gen kèk nan yo ki te oblije peye yon moun pou ede yo. Anplis de sa yo te aprann pri paspò yo te varye, daprè moun k ap ede yo a, yo te oblije peye yon kòb anplis. “Gen kèk ki mande 20,000 goud, gen lòt ki mande 25,000 goud jiska 30,000 goud”, temwanyaj yon sitwayen. 

Kethia Saint Marc

Journaliste rédactrice, institutrice, maîtresse de cérémonie, diplômée en informatique ,passionnée de la présentation ainsi que l'animation.

Leave a Comment
Published by